Mak 14:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.” 1998 Haïtienne Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: — Chita la, mwen pral lapriyè pi devan. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di disip li yo: “Rete isit la pandan m pral lapriyè.” |
Men Pierre te kontinye pèsiste: “Menm si mwen oblije mouri avè Ou, Mwen p ap nye Ou.” Konsa, yo tout t ap di menm bagay la tou.
Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”