Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye.
Mak 14:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pandan yo t ap manje, Li te pran pen an, e apre yon benediksyon, Li te kase li, te bay yo, e te di: “Pran sa; se kò Mwen.” 1998 Haïtienne Pandan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase pen an separe bay disip yo epi li di yo konsa: — Men, pran. Sa a se kò mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pandan yo t ap manje, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, li kase l, li bay disip yo, epi li di: “Pran, Sa a se kò mwen.” |
Sèt bon bèf yo se sèt ane; epi sèt bon tèt yo se sèt ane; rèv sa yo se yon sèl yo ye.
Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”.
Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.
Paske Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke sa ekri sou Li a; men malè a nonm sa a, pa li menm Fis a Lòm nan trayi a. Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.
Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.
Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.
Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.
Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.
Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo.