Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.
Mak 13:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 1998 Haïtienne Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a, Solèy la pral vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere. |
Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.
Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
Konsa, lè M etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo e fè zetwal yo fènwa. Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj, e lalin nan p ap bay limyè.
“Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ke gen non ekri nan liv la.
Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L; Milye dè milye t ap okipe L. Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L. Jijman an te etabli. Liv yo te vin ouvri.
Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a!
Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.