“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
Mak 12:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.” 1998 Haïtienne Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Dezyèm nan se: Renmen pwochen w menm jan ak pwòp tèt ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.” |
“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
“‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.
Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm.
Li te reponn: “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou, e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.”