Mak 12:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.” 1998 Haïtienne Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.” |
Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”
Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye?
Pou rezon sa a Kris te mouri , Li te resisite, e Li te viv ankò, pou Li te kapab Senyè pou ni sa ki mouri ak sa ki vivan.
Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo.
Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a, e M te di: ‘Yo toujou vin egare nan kè yo; e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.