Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
Mak 11:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a! 1998 Haïtienne Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele byen fò: — Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Sovè a! Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a! |
Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”
Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: ‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”
Konsa, anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap poze branch fèy yo te koupe nan chan sou wout la.
te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”