Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 10:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?

Gade chapit la



Mak 10:6
9 Referans Kwoze  

Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.


Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.


Li te kreye yo mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.


Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.


Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz.


epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”


Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”