E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
Mak 10:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò. 1998 Haïtienne Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. |
E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li.
Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”
Yo te vini Capernaüm, e lè Li te nan kay la, Li te kòmanse kesyone yo: “De kisa nou t ap diskite nan wout la?”