Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
Levitik 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Moïse te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande nou pou fè, pou glwa SENYÈ a kapab parèt a nou menm.” 1998 Haïtienne Lè sa a Moyiz di yo: — Senyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li. |
Li te vin rive ke pandan Aaron t ap pale a tout asanble a fis Israël yo, ke yo te gade vè dezè a, e vwala, glwa SENYÈ a te parèt nan nwaj la.
Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.
Epi gade byen, glwa Bondye Israël la t ap vini soti nan chemen lès la. Vwa Li te tankou son anpil dlo; epi tè a te limen ak glwa Li.
Moïse avèk Aaron te antre nan tant asanble a. Lè yo te sòti e te beni pèp la, laglwa SENYÈ a te parèt a tout pèp la.
Donk, yo te pran sa ke Moïse te kòmande devan tant asanble a. Tout asanble a te rapwoche pou kanpe devan SENYÈ a.