Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
Levitik 24:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an. 1998 Haïtienne Vwala te gen yon nonm, manman l te moun pèp Izrayèl, men papa l te moun peyi Lejip. Mesye vin rive nan mitan pèp la, epi li pete yon kont nan kan an avèk yon moun pèp Izrayèl la. |
Yon gran foul byen mele osi te monte avèk yo, menm avèk bann mouton ak twoupo, yon trè gran kantite bèt.
Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan.
Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofran ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?