Levitik 22:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo. 1998 Haïtienne Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p'ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo. |
Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li.
Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.