Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
Levitik 15:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè. 1998 Haïtienne Si nonm malad la krache sou yon moun ki te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, moun sa a gen pou l lave rad ki te sou li a, li gen pou l benyen nan gwo dlo epi li p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè. |
Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
“‘Anplis, pa bagay sila yo, nou vin pa pwòp: nenpòt moun ki touche kadav yo vin pa pwòp jis rive nan aswè.
“‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
Paske gen sèten moun yo ki te glise antre nan mitan nou san ke nou pa wè, sa yo ki te fin make pou kondanasyon sila depi avan lè; moun san Bondye ki ta vire lagras Bondye nou pou vini yon lisans pou fè sa ki mal, epi rejete sèl Mèt ak Senyè nou, Jésus Kri.