Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
Lamantasyon 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an. 1998 Haïtienne Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. |
Mwen te alèz, men Li te brize mwen, Li te sezi mwen nan kou e te souke mwen jiskaske m fè mòso; anplis li te fè m objè tiraj.
“Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.
Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
Mwen va vire men m kont nou e Mwen va fonn kim nou an tankou se ak likid lesiv, pou l pa gen metal ki rete.
Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.
SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.