Lamantasyon 3:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a. 1998 Haïtienne Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. |
“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.
Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.
Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”
Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.
Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.”
Aflije yo va manje e va satisfè. Sila ki chache Li yo, va louwe SENYÈ a. Ke kè Ou kapab viv jis pou tout tan!
Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”, kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ, se li mwen va chache.”
Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.
Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.
Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.
Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.
Depi nan jou ansyen yo, yo pa t tande ni sezi ak zorèy, ni zye pa t wè yon Bondye sof ke Ou, k ap aji pou sila k ap tann Li an.
Simen a nou menm anvè ladwati, rekòlte selon ladousè. Fann tè ki poze ou a; se lè pou chache SENYÈ a jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.
epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.