Jowèl 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an. Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye ak yon fi yo vann pou diven, pou yo ta ka bwè.” 1998 Haïtienne Yo te fè tiraj pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo t'ap vann ti gason pou jwenn kòb al nan jennès. Yo t'ap vann tifi pou jwenn kòb al nan banbòch, Lèfini, yo bwè jouk yo sou. |
“‘“Javan, Tubal, ak Méschec te fè komès ak ou. Ak lavi a moun ak veso plen bwonz, yo te achte machandiz ou yo.”
Moun sou yo, leve pou nou ka kriye! Rele fò, nou tout k ap bwè diven an, akoz diven dous lan, paske li deja retire pou l kite bouch nou.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.
Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.
Men li te pote ale; li te antre an kaptivite. Tout ti pitit li yo te vin kraze an mòso nan tèt tout ri yo. Yo te fè tiraj osò pou onorab li yo, e mesye pwisan li yo te mare nan chèn.
Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.