Jowèl 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Vin konsakre jèn nan! Pwoklame asanble solanèl lan! Rasanble tout ansyen yo ak tout moun ki rete nan peyi a, pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou kriye fò anvè SENYÈ a. 1998 Haïtienne Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a. |
Li te li soti nan liv lalwa a chak jou, soti nan premye jou a, jis rive nan dènye jou a. Yo te selebre fèt la pandan sèt jou, e nan uityèm jou a, te gen yon asanble solanèl selon òdonans lan.
“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”
Juda kriye ak doulè e pòtay li yo vin abandone. Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.
Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a.
Koute sa ansyen nou yo, koute sa, tout abitan peyi a! Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo, oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo.
Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo.