Jonas 4:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache. 1998 Haïtienne Jonas pat kontan menm lè li wè sa, sa te fè l fache anpil. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jonas pa t kontan ditou, lè li wè Bondye delivre pèp Niniv la. Li te fache anpil. |
Epi Bondye te di a Jonas: “Èske ou gen bon rezon pou fache akoz lyann nan?” Jonas te reponn: “Mwen gen bon rezon pou m fache, menm jiska lanmò.”
Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
“Men li te vin fache, e li pa t dakò antre. Papa l te soti. Li te kòmanse plede avè l.
Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”
Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.