Jonas 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a, e Li te reponn mwen. Mwen te kriye pou sekou depi nan pwofondè sejou mò yo. Ou te tande vwa mwen. 1998 Haïtienne Nan mizè mwen ye a, Senyè, Mwen rele nan pye ou, ou reponn mwen. Nan fenfon peyi kote mò yo ye a, Mwen mande ou sekou, ou tande vwa mwen. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen rele SENYÈ a pote m sekou, paske mwen te nan gwo tray, epi li reponn mwen. La kote m te ye byen fon nan tonm lan. Mwen t ap soupire pou m te jwenn sekou, epi ou tande vwa mwen. |