Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jij 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: — Poukisa ou pat rele nou depi lè ou ta pral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li.

Gade chapit la



Jij 8:1
9 Referans Kwoze  

Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”


Epi tout mesye Juda yo te reponn mesye Israël yo: “Akoz wa a toupre fanmi a nou. Poukisa konsa nou vin fache akoz afè sila a? Èske nou te manje yon bagay sou kont a wa a, oubyen èske yon bagay te vin separe bannou?”


Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.


Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.


Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.


Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.


Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?