Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m ka kite nou viv isit la.
Sepandan, SENYÈ a te avèti Israël avèk Juda pa tout pwofèt Li yo ak tout konseye Li. Li te di: “Vire kite move wout sa yo e kenbe kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, selon tout lalwa a avèk sila Mwen te kòmande zansèt nou yo e ke m te voye bannou pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo.”
Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan.
“Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
Alò, pou sa, korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e obeyi a vwa SENYÈ a, Bondye nou an; epi SENYÈ a va chanje lide sou malè ke Li te pwononse kont nou an.
Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.
“Si ou va retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase.
Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.