Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.
Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!