Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
Jeremi 6:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Mwen te fè ou eseyis la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 1998 Haïtienne Ou menm Jeremi, mwen mete ou la pou sonde pèp mwen an, pou veye sa pèp la ap fè, pou ou wè sa li vo. |
Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a.
Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz. Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou; paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
“Èske ou va jije yo, fis a lòm? Èske ou va jije yo? Fè yo konnen abominasyon a papa yo.
“Epi ou menm, fis a lòm, èske ou va jije? Èske ou jije vil sanglan an? Alò, fè l konnen tout abominasyon li yo.