Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 52:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Nebuzaradan, chèf kò gad la, te kite kèk moun nan pi malere yo pou okipe chan rezen yo, e pou laboure tè a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pat gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.

Gade chapit la



Jeremi 52:16
6 Referans Kwoze  

Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.


Alò, nan setyèm jou ak nan senkyèm mwa a, ki se te diznevyèm ane Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, kapitèn gad yo, yon sèvitè a wa Babylone nan, te rive Jérusalem.


Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;


“Fis a lòm, sila kirete kote dezole sa yo nan peyi Israël ap di: ‘Abraham se te yon sèl, malgre sa, li te posede tè a. Men nou menm anpil. Peyi a te donnen a nou.’