“Nou te pito gerizon pou Babylone, men li pa t geri. Abandone l. Kite nou chak ale nan pwòp peyi pa nou; paske jijman li an fin rive nan syèl la, e leve wo rive jis nan syèl yo.
Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nyaj yo.
Men yon pwofèt SENYÈ a ki te rele Oded te la. Li te sòti deyò pou rankontre lame ki te vini Samarie a e li te di yo: “Gade byen, paske SENYÈ a zansèt ou yo te fache avèk Juda, Li te livre yo nan men nou, e nou te touye yo ak gwo laraj ki te rive jis nan syèl la.
Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.
Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.
Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo va mache egare nan chemen pa yo; nanpwen moun ki pou ta sove ou.
Li fè anpil tonbe; anverite, yo tonbe youn kont lòt. Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou, lwen nepe a sila k ap oprime a.’
Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo tankou jenn bèf yo byen angrese, paske yo menm tou te fin vire nèt; yo te sove ale ansanm. Yo pa t kanpe, paske jou malè pa yo fin rive sou yo; lè pinisyon pa yo.
Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.