Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo.
Jeremi 51:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Bri a gwo kri k ap sòti Babylone, ak gwo destriksyon k ap soti nan peyi Kaldeyen yo! 1998 Haïtienne Senyè a di ankò: — Yon sèl rèl pete lavil Babilòn. Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a. |
Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo.
Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
Mete tout jenn towo li yo a nepe. Kite yo desann nan masak la! Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive, lè pinisyon pa yo a.
Wa Babylone nan te tande rapò de yo, e men li pann san fòs. Gwo dekourajman sezi li; gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!” E gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.
Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo.