Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 51:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi Tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!

Gade chapit la



Jeremi 51:11
39 Referans Kwoze  

Alò, SENYÈ a te fè leve yon lènmi a Salomon, Hadad, Edomit lan; li te nan ras wayal a Édom an.


Bondye te osi leve yon lòt lènmi a li menm, Rezon, fis a Éliada a, ki te sove ale devan Chèf li, Hadadézer wa Tsoba a.


Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.


Alò, nan premye ane Cyrus la, Perse la—-pou l te kab akonpli pawòl SENYÈ a pa bouch Jérémie——SENYÈ a te boulvèse lespri a Cyrus, wa Perse la, pou li ta voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an e anplis, ekri li pou di:


Alò, nan premye ane Cyrus, wa a Perse la, pou pawòl SENYÈ a te kab akonpli pa bouch a Jérémie, SENYÈ a te vire lespri a Cyrus, wa Perse la, pou l te voye yon pwoklamasyon toupatou nan wayòm li an, e anplis pou l ta ekri li pou te di:


SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo jan Li te konn fè an Égypte la.


Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.


Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!


Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.


Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:


Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;


M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, yon nonm volonte Mwen an, k ap soti nan yon peyi lwen. Anverite, Mwen te pale. Anverite, Mwen va fè sa rive. Mwen ki te fè plan an; Mwen k ap fè l rive.


epi tout wa Zimri yo, tout wa a Élam yo ak tout wa a Médie yo;


“Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.


Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!


An avan, cheval yo! Kouri tankou moun fou, cha lagè yo! Kite moun pwisan yo mache devan: Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, Lidyen ki manevre e koube banza a.


SENYÈ a te ouvri depo zam Li. Li te fè parèt zam endiyasyon Li yo, paske Senyè BONDYE Dèzame yo gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.


Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan nò; sa va fè peyi li vin yon objè degoutan e p ap genyen moun ki rete ladann. Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!


Pou sa, tande konsèy SENYÈ a, ke li te fè kont Babylone; plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo: Anverite, yo va vin trennen deyò, menm piti nan bann mouton yo. Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Leve yon sinyal kont miray Babylone yo! Plase yon gad byen fò! Pozisyone santinèl yo, mete gason an anbiskad. Paske SENYÈ a pa t sèlman fè plan, men te acheve objektif sa Li te pale konsènan sila ki rete Babylone yo.


“Mwen va rekonpanse Babylone ak tout pèp Chaldée a pou tout mechanste ke yo te fè nan Sion devan zye nou”, deklare SENYÈ a.


Ke vyolans anvè mwen an, e anvè chè mwen an, kapab tonbe sou Babylone.” Pèp Sion an va di: “Ke san mwen kapab tonbe sou moun Chaldée yo”, Jérusalem va di.


“Akoz sa”, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va plede ka ou, e egzije vanjans nèt pou ou. Mwen va seche lanmè li, e fè sous li yo vin sèch.


Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.


Bat lam cha pou yo fè epe, ak kwòk rebondaj pou fè lans. Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’


Pwoklame sa pami nasyon yo: “Prepare nou pou fè lagè! Anime mesye pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre. Kite yo monte kote nou.


Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.


Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo.


Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la.