Jeremi 5:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou. 1998 Haïtienne Se mechanste nou ki boulvèse tout bagay sa yo. Se peche nou yo ki fè nou pa jwenn tout bon bagay sa yo. |
Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.
Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn pwostitiye; ou te refize vin wont.
“Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete, O fi a Sion an. Li p ap ekzile nou ankò. Li va pini inikite nou an, O fi Edom an. Li va fè parèt tout peche ou yo!