men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
Jeremi 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!” 1998 Haïtienne Pwofèt yo p'ap di anyen la a. Se pa Bondye k'ap pale nan bouch yo. Malè yo wè a, se sou yo pou l tonbe. |
men yo te giyonnen mesaje Bondye yo, yo te meprize pawòl Li, e yo te moke pwofèt Li yo, jiskaske kòlè SENYÈ a te leve kont pèp Li a jiskaske pa t gen remèd pou sa.
Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”
Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!
Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo, ak moun ki renmen ou yo, y ap wale an kaptivite. Konsa, ou va anverite wont e imilye akoz tout mechanste ou yo.
Pandan dezan Mwen va fè rive nan plas sa a, tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran fè sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo.
Azaria, fis a Hosée, Jochanan, fis a Karéach e tout mesye ògeye yo te di a Jérémie: “W ap bay manti! SENYÈ a, Bondye nou an, pa t voye ou di: ‘Nou p ap antre Égypte pou rete la’.
Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.