Jeremi 49:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a e yon mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap di: “Rasanble nou ansanm. Vin kont li! Leve pou batay!” 1998 Haïtienne Jeremi di ankò: — Mwen te tande mesay Senyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y'al goumen avè l. |
Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
“File flèch, plen fouwo yo! Kenbe pwotèj yo djanm! SENYÈ a te fè leve lespri a wa yo nan Médie, paske volonte L kont Babylone, pou detwi li. Paske se vanjans SENYÈ a, vanjans pou tanp Li an.
Alò, pa kite kè nou vin febli e pa pè rapò k ap tande nan tout peyi a, paske rapò a va rive nan yon ane, e apre yon lòt rapò nan yon lòt ane, gen vyolans nan peyi a, e yon wa kont yon lòt wa.
“Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.