Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
Jeremi 48:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Gwo dega Moab la prèt pou rive e malè li va chofe rive vit. 1998 Haïtienne Jou pou yo fini ak Mowab la ap pwoche. Malè ki pral tonbe sou Mowab la pa lwen rive. |
Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l; tankou yon zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen. Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.
Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va fè pwovèb sa a sispann pou yo pa sèvi l ankò kon pwovèb an Israël.”’ Men di yo: “Jou yo ap apwoche ansanm ak lè pou tout vizyon yo akonpli.
“Pou sa, di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Okenn nan pawòl Mwen yo p ap pran reta ankò. Nenpòt sa ke M pale, va vin akonpli,” deklare Senyè BONDYE a.’”
“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon, nan lè pye yo va glise, Paske jou malè a yo toupre, E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.