Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
Jeremi 43:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men la menm Jérémie, ke SENYÈ a, Bondye pa yo a, te voye a, te fin pale tout pèp la tout pawòl a SENYÈ a, Bondye pa yo a—— sa vle di, tout pawòl sila yo—— 1998 Haïtienne Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Senyè a, Bondye yo a, te voye l di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, |
Lot te ale deyò pou te pale avèk bofis li yo, ki te prèt pou marye avèk fi li yo, e li te di: “Leve sòti kite plas sila a, paske SENYÈ a va detwi vil la.” Men li te sanble a bofis li a ke se yon blag ke li t ap fè.
Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!”
“Alò, pou sa a, mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo.
Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
Lè Jérémie te fin pale tout sa ke SENYÈ a te kòmande pale a tout pèp la, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la te sezi li. Yo te di: “Fòk ou mouri!
Konsa, jodi a, mwen te di nou, men nou pa t obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, menm nan tout sa Li te voye mwen pale nou yo.
Akoz sa, nou ta koulye a dwe konprann ke nou va mouri pa nepe, pa grangou e pa gwo epidemi, nan plas kote nou vle ale rezide a.
Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou p ap wè nepe ni gwo grangou.
Konsa, li va fèt ke depi ou fin li woulo sa a, ou va mare yon wòch sou li e jete l nan mitan rivyè Euphrate la.
Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”