Jeremi 41:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an.
Gade chapit la
Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l yo pran sou kont yo tout moun Ismayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Ismayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon.
Gade chapit la