Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,
SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.
“Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a.
Akoz nou te brile sakrifis yo, nou te peche kont SENYÈ a e pa t obeyi vwa SENYÈ a, ni mache nan lalwa Li, règleman Li yo, ak temwayaj Li yo; akoz sa, gran malè sa a vin tonbe sou nou, jan li ye jodi a.
Tout moun ki rive sou yo te devore yo; epi advèsè yo te di: ‘Nou pa koupab, paske se yo ki te peche kont SENYÈ ki se abitasyon ladwati a, menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.