Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 40:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite.

Gade chapit la



Jeremi 40:12
8 Referans Kwoze  

Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse, e zèb mòn yo fin ranmase.


Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.


Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”


Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa.


Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.


Men Jochanan, fis a Karéach la, ak tout chèf lame yo te pran tout retay a Juda yo, ki te retounen soti nan tout nasyon kote yo te konn chase yo rive, pou yo ta ka rete nan peyi Juda a—


Men depi lè nou te sispann brile sakrifis a rèn syèl la ak vide bwason devan l, nou te vin manke tout bagay, e nou te vin anile pa nepe ak gwo grangou.”


Bann mouton Mwen an te mache egare nan tout mòn yo, ak sou tout wo kolin yo. Bann mouton Mwen an te gaye sou tout sifas tè a, e pa t gen moun pou ale jwenn yo, ni chache yo.”