Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
Jeremi 4:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout zwazo syèl yo te vin sove ale. 1998 Haïtienne Mwen gade, m pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò. |
Depi kilè peyi a va gen dèy konsa, e vèdi chan an vin sèch konsa? Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo, ni bèt ni zwazo detwi nèt; akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”
Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.
Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè.
Akoz sa, peyi a va fè dèy. Tout moun ki rete ladann ap megri menm ak tout sa ki viv. Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo, epi pwason lanmè yo va mouri.