Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
Jeremi 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a. 1998 Haïtienne Yo pral sènen lavil Jerizalèm tankou moun k'ap veye jaden, paske moun li yo te refize obeyi Senyè a. Se Senyè a menm ki di sa. |
Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.
Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.
Fi Sion an vin tankou yon ti tonèl nan yon chan rezen, tankou abri a yon gadyen nan yon chan konkonb, tankou yon vil ki anba syèj.
Alò, li te vin rive nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou nan dizyèm mwa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini, li menm ak tout lame li a, kont Jérusalem, te fè kan kont li e te bati yon miray syèj ki te antoure li.
SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.
Jérusalem te fè gwo peche. Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp. Tout sila ki te konn louwe l yo, meprize l akoz yo te wè li toutouni. Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.