Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li, e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a. Li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e te fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a, rive kote Jérémie.
Jeremi 38:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Ébed-Mélec, Etyopyen an te di a Jérémie: “Alò, mete rad epwize sa yo ak twal yo anba bra ou, anba kòd yo.” Jérémie te fè l. 1998 Haïtienne Epi li di Jeremi konsa: — Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou. Jeremi fè sa vre. |
Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li, e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a. Li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e te fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a, rive kote Jérémie.
Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.
Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.