Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit la pou touye ou.”
Epi mwen te bay papye vant lan bay Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan, e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.
Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.
Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò.