Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
Jeremi 33:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 1998 Haïtienne Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fòtèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m yo. Kontra sa yo p'ap janm kase. |
Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
Men SENYÈ a pa t vle detwi lakay David akoz akò ke Li te fè ak David la, e akoz Li te fè pwomès pou bay yon lanp pou li avèk fis li yo jis pou tout tan.
alò, Mwen va etabli twòn wayal ou a jan Mwen te sèmante a David la, lè M te di: ‘Ou p ap manke yon nonm ki pou gouvène an Israël.’
La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.
Mwen p ap vyole akò mwen an, ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
“Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt.
Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.