“Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.
Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a, “lè sila k ap raboure a va depase sila k ap rekòlte a, e sila k ap foule rezen an va depase sila k ap simen grenn nan; lè mòn yo va degoute diven dous e tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.”
Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.