Men Li fè malere a chita wo ansekirite, byen lwen tout afliksyon, e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
Jeremi 31:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. 1998 Haïtienne Talè konsa mwen pral simen moun ak bèt nan tout peyi Izrayèl la ak nan tout peyi Jida a. Se mwen menm Senyè a ki di sa. |
Men Li fè malere a chita wo ansekirite, byen lwen tout afliksyon, e fè fanmi li yo byen pwoteje kon yon twoupo.
Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
Mwen va fè moun miltipliye sou nou, tout lakay Israël la, tout moun ladann. Konsa, vil yo va abite e dezè yo va vin rebati.
Mwen va miltipliye sou nou, ni moun, ni bèt. Yo va vin ogmante e yo va bay fwi, epi Mwen va fè nou peple teren an jan nou te ye avan an, e Mwen va trete nou pi byen ke avan. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
Mwen va simen li kote M nan tè a, Mwen va genyen mizerikòd pou li, fi ki pa t konn jwenn mizerikòd la. Konsa, Mwen va di a sila ki pa t pèp Mwen an: ‘Ou se pèp Mwen an!’ Epi yo va reponn: ‘Ou se Bondye mwen!’”
Lè Mwen gaye yo pami lòt pèp yo, yo va sonje Mwen nan peyi lwen yo. Yo va viv ak pitit yo, e yo va retounen.
Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo,