Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
Jeremi 26:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo. 1998 Haïtienne Lè sa a, Jeremi pale ak tout gwo chèf yo ansanm ak pèp la. Li di: — Se Senyè a ki voye m pou m fè nou konnen tou sa nou sot tande m di la a sou Tanp lan ak sou lavil la. |
Sèlman, konnen byen ke si nou mete m a lanmò, nou va mennen san inosan vin tonbe sou nou menm, sou vil sa a, ak tout moun ki rete ladan; paske anverite, SENYÈ a te voye mwen kote nou pou pale tout pawòl sa yo nan zòrèy nou.”
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
Konsa, lè yo mande ou, ‘Poukisa w ap plenn nan?’ ou va di: ‘Akoz nouvèl k ap vini an! Tout kè va fann, tout men va vin pèdi fòs, nanm a tout moun va vin fennen e tout jenou yo va vin fèb tankou dlo. Gade byen, sa ap vini e sa va fèt’, deklare Senyè BONDYE a.’”
Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?
Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.