Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
Jeremi 25:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Akoz nou pa t obeyi pawòl Mwen yo, 1998 Haïtienne Se poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Paske nou pa koute m lè m pale nou, |
Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.
Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”
Mwen te pale ak ou nan pwosperite, men ou te di: ‘Mwen p ap koute’! Konsa abitid ou depi nan jenès ou, ke ou te refize obeyi lavwa M.
“Sepandan, nou pa t janm koute Mwen,” deklare SENYÈ a: “pou nou ka pwovoke m a lakòlè ak zèv men nou yo, jis rive nan pwòp donmaj nou.”
gade byen, Mwen va voye pran tout fanmi nò yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va voye kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, sèvitè Mwen an. Mwen va fè yo vini kont peyi sa a, kont tout moun ki rete ladann yo, e kont tout nasyon ki antoure li yo. Konsa, Mwen va detwi yo nèt, fè yo vin yon gwo laperèz, yon objè moun sifle kon koulèv ak yon dezolasyon k ap la pou tout tan.
akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
“Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.