“Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
Jeremi 25:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ke Jérémie, pwofèt la, te pale a tout pèp Juda a e a tout moun ki te rete Jérusalem yo. Li te di: 1998 Haïtienne Men mesay pwofèt Jeremi te bay tout pèp peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo: |
“Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’
Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.