Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”
Jeremi 23:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’. 1998 Haïtienne Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap bay pawòl pa yo pou mesay y'ap bay nan non mwen. |
Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”
Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.
Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo, ‘SENYÈ a te di: “Nou va gen lapè”’” e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di: “Malè p ap rive nou.”
Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”
Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti.
Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.
Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’