Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
Jeremi 23:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a, pou l ta wè e tande pawòl li? Kilès ki te prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l? 1998 Haïtienne Mwen di: Pa gen yonn ladan yo ki te la lè Senyè a t'ap fè plan travay li. Yo yonn pat wè, yo yonn pat tande sa Senyè a te di. Yo yonn pat louvri zòrèy yo pou yo te koute sa li t'ap di. |
Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a te vin toupre e te frape Michée sou machwè li. Li te di: “Kijan lespri SENYÈ a te pase sòti nan mwen pou pale avèk ou?”
Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
Men si yo te konn kanpe nan konsèy Mwen an; alò, yo t ap anonse pawòl Mwen yo a pèp Mwen an pou fè yo vire fè bak kite wout mechan yo, ak mechanste a zak pa yo.
Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.
“Paske kilès ki te konnen refleksyon Senyè a, pou li ta enstwi Li?” Men se panse a Kris nou genyen.