Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 23:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Anplis, pami pwofèt Samarie yo, Mwen te wè yon betiz. Yo te pwofetize pa Baal e yo te egare pèp Mwen an, Israël.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Mwen wè pwofèt lavil Samari yo ap fè bagay ki pa fè m plezi. Y'ap bay mesay nan non Baal. Yo fè pèp mwen an, pèp Izrayèl la, pèdi chemen l.

Gade chapit la



Jeremi 23:13
12 Referans Kwoze  

Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!” Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.


Konsa, Manassé te egare Juda ak pèp Jérusalem nan pou fè plis mal pase menm nasyon ke SENYÈ a te detwi devan fis Israël yo.


Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.


Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’ Epi sila yo ki te responsab lalwa a pa t rekonèt Mwen. Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen; pwofèt yo te pwofetize pou Baal, e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.


Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.


“Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.


Lavi pwostitisyon, diven, ak diven nèf retire bon konprann.


Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.


Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?