Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.
Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen. Mwen te fè parèt kont yo; kont manman a yon jennonm, yon destriktè a midi. Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
Gade byen, M ap fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di.