Jeremi 2:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan, k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal. Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l? Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo; nan mwa li, yo va jwenn ak li. 1998 Haïtienne Ou te tankou yon fenmèl bourik mawon lage nan savann. Lè li anchalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe li? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li. |
Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo. Y ap rale soufle fò tankou chen mawon. Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’
Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo.
Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
Paske yo te monte Assyrie, kon yon bourik mawon pou kont li. Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.