Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 19:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m.

Gade chapit la



Jeremi 19:5
14 Referans Kwoze  

Konsa, yo te fè fis avèk fi pa yo pase nan dife, yo te pratike divinasyon avèk Wanga e yo te vann pwòp tèt yo pou fè mal nan zye SENYÈ a e pwovoke Li.


Li te fè fis li yo pase nan dife, pratike maji e sèvi divinasyon. Li te sèvi moun ki pale ak mò ansanm ak lespri. Li te fè anpil mal nan zye SENYÈ a ki te pwovoke Li a lakòlè.


Li te brile lansan nan vale Ben-Hinnon e li te brile fis li yo nan dife, selon abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo.


Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”


‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz bagay lèd ou yo te vin vide nèt, toutouni ou a te fin dekouvri nèt atravè pwostitisyon ou ak moun ki renmen ou yo, e ak tout zidòl abominab ou yo, e akoz san a fis ou ke ou te bay a zidòl yo,


Mwen te deklare yo pa pwòp akoz de sakrifis yo. Yo te koze tout premye ne yo pase nan dife, pou Mwen ta fè yo vin sanzespwa; konsa, pou yo ta konnen ke se Mwen menm ki SENYÈ a.”’


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.


“Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo.


“‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.


Epi li te rive nan maten ke Balak te pran Balaam pou te mennen li monte nan wo plas a Baal yo. E li te wè depi la, yon pati nan pèp Israël yo.


Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.